Rasanble Ale Pran FLORiDA Card lan

[Pa Okipe Navigasyon an]


FLORiDA Card
Gather. Go. Get

Kesyon yo Poze Souvan ak Resous

Sèvis sou Entènèt

www.GoRenew.com
Renouvle lisans ou, katdidantite w, papye machin ou epi chanje adrès ou.

OASIS
Pwograme oubyen anile yon randevou nan yon biwo sikilasyon

Verifikasyon Lisans
Si w konnen ou gen yon pwoblèm ak lisans ou, tanpri vizite Driver License Check nou an anvan. W ap senpman antre nimewo lisans eta Florid ou an epi n ap di w ki pwoblèm ki genyen ladann kounye a.

Fòm
Telechaje fòm DHSMV nan fòma PDF

Paj Akèy FLORiDA Card

Kèk Kesyon yo Poze Souvan sou Nouvo Egzijans yo

Mwen konprann kounye a nou oblije bay adrès kote nou rete a. Se yon bwat postal mwen genyen kounye a sou lisans mwen. Kilè pou m chanje l?

Y ap ajoute adrès kote w rete a sou kat ou pwochen fwa nou ranplase l. Anvan, nou te enprime adrès postal la sou lisans ou oswa katdidantite w. Kounye a, lalwa mande pou nou enprime adrès kay ou abite a sou lisans oswa katdidantite a. Epitou, fòk ou bay prèv pou adrès kote w abite a. W ap jwenn egzanp ki kalite prèv yo egzije lè ou fè kreye lis verifikasyon dokiman pa w.

Mwen pa gen Nimewo Sekirite Sosyal, èske m toujou kapab jwenn yon lisans?

Si w pa gen nimewo sekirite sosyal, fòk ou pote yon lèt Social Security Administration ki di yo pa te janm ba w youn. Anplis, w ap gen pou w prezante omwen yon prèv idantite nan lis sa a.

Ki nouvo enfòmasyon y ap mete nan nouvo papye yo?

Chanjman fizik k ap genyen nan nouvo kat la se adrès kliyan an y ap enprime sou li, y ap elaji non an pou li kapab pran plis karaktè epi y ap ajoute yon so sekirite pou ede ajan TSA wè li anrèg ak egzijans federal yo. Chanjman sa yo p ap tèlman afekte sa kat la sanble kounye a.

Si mwen pa kapab sèvi ak yon lisans yon lòt eta ankò kòm dokiman prensipal pou idantifye m, kisa mwen kapab bay?

Pou w kapab jwenn yon lis konplè dokiman ki aseptab, ale nan kreye lis verifikasyon dokiman w kounye a.

Dènyèman, mwen marye oswa divòse epi mwen vin abite Florid. Ki dokiman mwen bezwen bay pou mwen chanje non mwen sou nouvo lisans oubyen nouvo kadidantite Florid mwen?

Si ou chanje non w legalman paske w marye oubyen ou jwenn yon òdonans tribinal, ou dwe soumèt orijinal oswa yon kopi sètifye sètifika maryaj oswa òdonans tribinal ou an (yo). Yo p ap asepte fotokopi, sof si yo sètifye pa enstitisyon ki delivre yo an. Ou dwe bay dokimantasyon pou tout chanjman non yo. Si w pa sitwayen peyi Etazini, w ap bezwen lòt dokiman toujou. Ou kapab konnen kilès si w ale nan Dokiman pou Moun ki pa Sitwayen nan wèbsayt nou an.

Apre enfòmasyon ou dwe bay pou chanje non w, fòk ou konnen w ap bezwen prezante dokiman idantifikasyon prensipal tou. Yo p ap asepte lisans ki soti andeyò eta a ankò kòm pyès idantifikasyon prensipal. Tanpri ale nan kesyon ki vini anvan an pou w wè yon lis dokiman idantifikasyon prensipal yo asepte.

Si dokiman idantifikasyon prensipal mwen an espire, èske y ap asepte l kòm prèv prezans legal?

Non. Nenpòt paspò, kat rezidan pèmanan ak kat otorizasyon travay yo prezante kòm prèv idantite oswa prezans legal dwe valid. Yo p ap asepte dokiman ki espire.

Kòm Florida Department of Highway Safety and Motor Vehicles p ap asepte lisans ki soti andeyò eta a kòm idantifikasyon prensipal, èske m ap oblije repran tès kondwit lan oubyen tès alekri a pou m jwenn yon Lisans eta Florid?

Non. Malgre nou pa asepte lisans oswa katdidantite ki soti andeyò eta a kòm idantifikasyon prensipal, n ap asepte yo kòm ekivalans pou egzamen pou lisans. Ou p ap oblije pran egzamen yo ankò, sof si gen kondisyon patikilye, tankou pa egzanp si chofè a montre li kapab gen yon pwoblèm ki fè li pa kapab kondui yon machin nòmalman.

Chak moun ki vini nan yon biwo sikilasyon pou li fè renouvèlman ap oblije pran tès vizyon an; yo kapab mande l lòt tès si chofè a montre li kapab gen yon pwoblèm ki fè li pa kapab kondui yon machin nòmalman.

Èske m ap oblije pran tès kondwit pratik oubyen alekri pou mwen renouvle lisans mwen?

Chak moun ki vini nan yon biwo sikilasyon pou li renouvle ap oblije pran tès vizyon an; yo kapab mande l lòt tès si chofè a montre li kapab gen yon pwoblèm ki fè li pa kapab kondui yon machin nòmalman.

Mwen pa pare pou m fè nouvo kat ki ranpli egzijans federal yo. Konbyen tan mwen kapab sèvi toujou ak lisans oswa katdidantite eta Florid mwen genyen kounye a pou sèvis ofisyèl?

Pou moun ki fèt apre 1ye desanm 1964, dat limit la se 1ye desanm 2014. Pou tout lòt moun, kat valid yo ap kapab sèvi pou pran vòl komèsyal epi antre nan imèb federal jouk 1ye desanm 2017.

Kisa "pou sèvis ofisyèl" vle di?

Sèvis ofisyèl genyen ladann monte avyon kòmèsyal ak antre nan imèb federal.

Si mwen se yon Sitwayen ameriken oswa yon Imigran ak prezans legal pèmanan epi mwen renouvle lisans Klas E mwen, kisa sa ap koute epi pandan konbyen tan lisans lan ap valid?

Lisans Florid Klas E (ki pa komèsyal) ap valid pou uit lane epi frè pou renouvèlman an se $48.

Si mwen se yon nonimigran ak prezans legal epi mwen renouvle lisans Klas E mwen, kisa sa ap koute epi pandan konbyen tan lisans lan ap valid?

Y ap delivre lisans ak katdidantite pou kliyan ki pa imigran men ki gen prezans legal pou kantite tan ki apwouve pa BCIS, rive nan yon limit yon lane. Kliyan ki pa imigran dwe prezante yon kat Sekirite Sosyal, si yo te ba yo youn. Sa koute $20 pou renouvle yon lisans Klas E oubyen $75.00 pou yon renouvèlman CDL. Mo "TANPORÈ" a ap parèt sou devan an, nan kwen dwat anba lisans lan.

Si m gen yon lisans Klas E ak otorizasyon pou motosiklèt ki rive nan lè pou li ta renouvle, kisa sa ap koute?

Frè renouvèlman an se $48 plis $7 pou otorizasyon motosiklèt la.

Mwen gen mwens pase 80 lane epi mwen pral renouvle lisans Klas E mwen an avèk yon mansyon Bon Chofè. Konbyen tan lisans mwen an ap valid?

Lisans lan ap valid pou yon peryòd uit lane.

Mwen gen plis pase 80 lane epi mwen pral renouvle lisans mwen. Konbyen tan lisans mwen an ap valid?

Lisans lan ap valid pou yon peryòd sizan.

Konbyen frè a ye pou yon katdidantite pou yon timoun ki gen ant senk ak 14 lane epi konbyen tan katdidantite a ap valid?

Frè pou tout katdidantite se $25. Timoun ki gen ant senk ak 14 lane elijib pou yo gen katdidantite epi li valid pou kat lane.

Mwen ta renmen remèt Lisans eta Florid Klas E pou moun k ap aprann kondui epi mwen bezwen yon katdidantite. Kisa sa ap koute epi konbyen tan katdidantite a ap valid?

Katdidantite an ap koute $25 epi kòm ou gen plis pase 15 lane, katdidantite a ap valid pou uit lane.

Si mwen gen yon lisans CDL epi yo kondane mwen pou DUI nan machin pa m, lisans mwen anile pou sis mwa epi tan an pase, èske mwen kapab jwenn lisans CDL ankò?

Si kondanasyon pou DUI pandan w ap kondui machin pèsonèl ou fèt anvan 1ye oktòb 2008, ou kapab jwenn yon lisans CDL apre tan an fin pase. Toutfwa moun ki gen CDL yo kondane jou ki te 1ye oktòb 2008 oubyen apre sa, menmsi yo t ap kondui yon machin pèsonèl, p ap kalifye pou yo kondui yon machin komèsyal pou yon lane apre premye enfraksyon an epi y ap diskalifye pou toutan si gen yon dezyèm enfraksyon.

Konbyen fwa mwen kapab chwazi pou mwen swiv lekòl konduit pou anpeche pwen parèt nan dosye chofè mwen?

Yon moun gen posibilite pou l chwazi opsyon lekòl la pou li pa gen pwen yon fwa pou chak peryòd 12 mwa epi pa plis pase senk fwa nan yon peryòd 10 lane.

Poukisa gen chanjman sa yo?

Chanjman yo ranfòse kapasite nou pou nou verifye idantite ak prezans legal yon aplikan pou nou kontinye pwoteje sitwayen nou ak vizitè nou epi pou nou amelyore sekirite anndan peyi a.