Deklarasyon sou Konfidansyalite DHSMV
Nou rekonèt konfidansyalite se yon kesyon enpòtan, kidonk nou konsevwa epi nou opere sèvis anliy nou avèk lide pou nou pwoteje konfidansyalite w. Nou ta vle di senpman règleman nou se pou nou pa rasanble enfòmasyon pèsonèl sou ou lè ou vizite Wèbsayt nou an sof si oumenm ou deside fè nou jwenn enfòmasyon sa a.
Lè ou vizite Wèbsayt Depatman an, sèvè nou an rekonèt sèlman domèn entènèt lan ak adrès IP (Internet Protocol) kote ou jwenn aksè sou Wèbsayt nou an. Enfòmasyon sa a pa pèmèt nou idantifye adrès imèl pèsonèl ou ak lòt enfòmasyon pèsonèl. Nenpòt enfòmasyon nou kolekte sou kantite moun ki vizite sit nou an ak kilè yo vizite l, nou kolekte l sèlman pou nou kapab amelyore kontni nou ofri w.
Gen kèk karakteristik nan sit nou an ki mande pou nou sèvi ak enfòmasyon tanporè, sa yo konn rele "kouki". Sit nou an sèvi ak kouki sèlman lè ou vizite nou pou nou anrejistre enfòmasyon tanporè sou sesyon ou an. Pa gen enfòmasyon pèsonèl ki estoke sou kouki a epi yo retire li lè navigatè a fèmen. Ou dwe konfigire navigatè a pou li asepte kouki pou w kapab byen pwofite posibilite sit lan ofri. Nou ofri plis enfòmasyon nan lyen sa a: About Cookies.
Si w deside pou ou pataje enfòmasyon pèsonèl avèk nou lè w voye yon mesaj elektwonik oswa ou ranpli yon fòm elektwonikman, n ap sèvi ak enfòmasyon an sèlman pou nou analize demann ou an. Enfòmasyon pèsonèl ou nan dosye veyikil amotè ak chofè nan eta Florid bloke dapre Driver Privacy Protection Act lan.
Si w bay adrès postal ou oswa adrès imèl ou sou sit lan, w ap resevwa sèlman enfòmasyon ou te bay adrès ou pou li an. Moun ki bay nimewo telefòn yo anliy, nou kapab kontakte yo pa telefòn konsènan enfòmasyon sou kesyon yo te poze anliy.
Gen kèk enfòmasyon,tankou imèl nou resevwa, nou kapab sere pou yon bout tan pou nou mete nou anrèg ak règleman sou achiv nan eta Florid. Nou p ap fè lòt moun jwenn enfòmasyon sa a ni bay lòt ajans gouvènman an li sof si nou oblije fè l dapre lalwa eta a oswa lalwa federal.
Si w gen kòmantè ak sijesyon, voye yon imèl ba: HSMV-Info@flhsmv.gov.

