Rasanble Ale Pran FLORiDA Card lan

[Pa Okipe Navigasyon an]


FLORiDA Card
Gather. Go. Get

Egzonerasyon Responsabilite

Enfòmasyon ak materyèl ki sou sit sa a se Florida Department of Highway Safety and Motor Vehicles (DHSMV) ki bay yo pou fasilite moun k ap sèvi ak sit la. Menmsi nou fè tout efò nou pou nou bay enfòmasyon ki presi epi ki ajou, DHSMV pa bay garanti enfòmasyon ak materyèl yo pa gen erè ladan yo.

Depatman an pa fè verifikasyon pou chak endividi oswa chak òganizasyon ki parèt nan sit sa a oubyen ki gen lyen elektwonik ak sit la. Si yon endividi, yon òganizasyon oswa yon lyen parèt sou sit sa a, sa pa vle di n ap apiye endividi oswa òganizasyon sa a oubyen nenpòt pwodui oswa sèvis ki sou sit yo.

Depatman an gen egzonerasyon responsabilite pou nenpòt garanti ki anrapò ak Wèbsayt la ak enfòmasyon ki sou Wèbsayt la. Sa vle di tou, san limitasyon: 1) Nenpòt garanti sipoze sou valè marchandiz la, sou itilite li pou yon lizay kèlkonk, kontrefason oswa tit; 2) Nenpòt garanti sou kalite, fonksyònman, operasyon, itilizasyon oswa pèfòmans Wèbsayt la oubyen enfòmasyon ki nan Wèbsayt la; 3) Nenpòt garanti sou presizyon, karaktè konplè oswa validite done oubyen enfòmasyon yo kominike nan Wèbsayt la oubyen ki anndan enfòmasyon yo bay nan Wèbsayt la; 4) Nenpòt garanti sou disponibilite kontinyèl Wèbsayt la oswa enfòmasyon ki nan Wèbsayt la, oubyen sa ki ta di Wèbsayt la, oubyen enfòmasyon ki nan Wèbsayt la, ap la toutan epi li p ap gen erè; 5) Nenpòt garanti Wèbsayt la, oswa enfòmasyon ki nan Wèbsayt la oubyen lòt fichye ak done ki disponib pou yo telechaje, p ap gen enfeksyon, viris oswa lòt kòd ki ta gen pwopriyete pou yo domaje, kontamine oswa detwi; oswa 6) Nenpòt garanti ki gen pou wè ak operasyon komèsyal, itilizasyon komèsyal, pratik komèsyal. Divès grafis ak koleksyon imaj ki parèt nan sit sa a se lisans Depatman an genyen pou li sèvi ak yo. Imaj sa yo se pou moun gade sèlman. Li posib pou repwodiksyon yo entèdi dapre lalwa federal oswa sa eta a sou kòpiray oubyen pa lalwa sou sekrè komèsyal.

Si w gen kòmantè ak sijesyon, voye yon imèl ba: HSMV-Info@flhsmv.gov.